✍️ Pa Schnieder Odius Culceus — Motivateur du Changement
Trahison se youn nan pi gwo blesi kè yon moun ka santi. Se souvan moun ou pi fè konfyans yo ki fè ou plis mal. Ou ka bay yo kè ou… e se yo ki kraze l. Ou ka leve yo… e se yo menm ki pouse w tonbe.
Men mwen vle di ou yon verite ki gen anpil fòs:
Bondye pèmèt kèk moun fè w mal pou w ka wè kiyès ki pa dwe ale avè w nan desten ou.
Lè yo trahi w, se pa fen ou…
Se kòmansman fòs ou.
✅ Trahison montre w kiyès pou w pa retounen dèyè
✅ Li fòme kè w pou batay ki pi gwo pase sa
✅ Li ouvè je w sou verite ou t ap refuse wè
Pa rete ap kriye pou moun ki kite ou.
Pa jwe viktim pou moun ki blije kite lavi ou.
Paske gen siksè ki pa p janm rive si moun sa yo toujou bò kote w.
💪 Ki sa pou w fè ak trahison?
Aprann: pran leson sou konfyans ou Elimine: retire sa ki pa pote ou byen Evolye: tounen pi entèlijan, pi fò, pi kalm
Pa gad dèyè.
Moun ki trahi w yo se pousantaj negativite Bondye wete nan wout ou.
⚡ Konklizyon
Se pa tout pèdi ki se malediksyon.
Gen pèdi ki se delivrans.
Depi jodi a, pa kite trahison kraze w.
Sèvi avè l pou bati yon vèsyon pi pwisan de tèt ou!
👤 About schnieder Odius Culceus
Schnieder Odius Culceus se yon jèn ayisyen ki mete misyon sou li pou enspire yon jenerasyon ki refize rete viktim, men ki batay pou avanse nan lavi, malgre trahison ak mizè.
http://www.tiktok.com/@schniederodiusculceus3 @schniederodiusculceus04
